Donation Acceptance Ends In
REVEYON KOMINOTÈ DELIS 2026
REVEYON KOMINOTÈ DELIS 2026
Incogia Group ap prepare yon gwo reveyon kominotè ki pral fèt le 24 Desanm 2026 nan Delis, Arcahaie.
Inisyativ sa a fèt pou rasanble fanmi, jèn, timoun ak tout moun nan kominote a pou yon moman espesyal kote nou kapab selebre Nwèl ansanm nan yon atmosfè ki chaje ak lajwa, pataj ak solidarite.
Pandan reveyon an, patisipan yo ap kapab jwi manje, mizik, animasyon, jwèt, aktivite pou timoun ak plizyè lòt moman ki fèt pou mete kominote a ansanm.
Objektif nou se kreye yon bèl eksperyans pou kominote Delis epi fè 24 Desanm 2026 tounen yon moman moun ap sonje.
Pou nou reyalize pwojè sa a, nou envite tout moun ki vle sipòte inisyativ la pou kontribye atravè IncoFunds.
Fon yo pral ede nou kouvri depans ki nesesè pou prepare ak reyalize evènman an, tankou manje, sonorizasyon, ekipman, aktivite, dekorasyon, lojistik ak lòt depans ki gen rapò ak pwogram nan.
Kèlkeswa kantite ou kontribye, sipò ou ap ede nou fè pwojè sa a vin yon reyalite.
Ou kapab ede nou tou lè ou pataje kanpay la avèk fanmi, zanmi ak lòt moun ki ta renmen patisipe nan inisyativ sa a.
Ann mete men ansanm pou fè Reveyon Kominotè Delis 2026 yon bèl moman pou tout kominote a.
24 Desanm 2026
Delis, Arcahaie, Haiti
Òganize pa Incogia Group
Updates
No updates available.
Comments (0)
Please login to leave a comment
LoginShare
<iframe class="iframe-field" width="560" height="315" src="https://raise.incogia.net/donation/payment/donate/embed/reveyon-kominot-delis-2026" frameborder="0" allow="accelerometer; autoplay; clipboard-write; encrypted-media; gyroscope; picture-in-picture" allowfullscreen></iframe>
QR Code
Gift donation available
Fòmasyon sou Entèlijans Atifisyèl
Aksè a yon fòmasyon sou Kòman Itilize Entèlijans Atifisyèl
Select Gift